Kriz ensekirite peyi dAyiti ap viv la mete a jenou prèske tout enstitisyon kiltirèl yo. Enstitisyon leta kou prive. Anpil inisyativ pou ranfòse idantite kiltirèl oubyen fè pwomosyon ak rann la kilti aksesib yon fason oubyen yon lòt kanpe. Malerezman genyen ki mouri nèt. Sa ki pi enkyetan, otorite konsène nan sektè sila yo poko janm kominike ki plan yo genyen pou akonpanye aktè oubyen pwojè kriz ensekirite a vide atè. Ki altènativ posib ? Youn nan repons pi klè se KONBIT sila ki kwè rèv pa dwe etenn. KONBIT pou ede kanpe oubyen rekanpe sa nou kwè ki pa dwe mouri.
Nan vag souf lespwa sa a, youn nan pi gwo inisyativ KONBIT an favè la kilti pou 20 dènye lane sa yo, se KONBIT BIBLIYOTEK SITE SOLEY. Yon pwojè sosyokiltirèl grandèt ki te kanpe pou simante yon senbòl fyète, lespwa, la kilti ak lapè nan Site Solèy e ki ta sèvi yon senbòl pou rès peyi a ak ayisyen nan djaspora a.
Plis pase 26 milyon goud kolekte, 7 mil liv, wonmble kiltirèl fè kenken, moun tout kouch sosyal kontribye, moun tout kouch mete men. Depi 3 lane e plis Konbit la oblije kanpe, pou anpil moun se tout yon senbòl kap bati ki kanpe. Ki longè rasin pwojè sila a ? Kòman yap naje nan vag ensekirite a ? ki analiz sou kontèks yo? Ki pòt soti?

Envite
Pitit Site Solèy, Louino Robillard, jan li renmen prezante tèt li se yon konbitè. Yo rekonèt li kòm yon ekspè nan chanjman sosyal ki baze sou kominote ann Ayiti, epi nan fason yo aplike prensip Konbit pou reponn ak defi modèn yo. Robi se kofondatè plizyè mouvman sosyal ak òganizasyon ki sèvi ak apwòch baz popilè pou adrese divès pwoblèm, tankou diminye konfli kominotè, ranfòse rezilyans nan zòn iben, mete jèn sou pye, pwoteje anviwònman, reponn a ijans imanitè, ankouraje angajman sitwayen, epi amelyore sistèm sante yo (tankou Konbit Soley Leve, Konbit Bibliyotèk Site Solèy, ak Gwoup Konbit). Li se Direktè Pwogram Rasin Devlopman, yon òganizasyon ki soutni devlopman dirab ki dirije pa kominote lokal yo sou zile Lagonav. Robi sèvi kòm konseye pou plizyè lòt òganizasyon kominotè, ONG, antrepriz sosyal, ak biznis ki angaje sosyalman. Li gen yon metriz nan Chanjman Kominotè ak Konsolidasyon Lapè.

Grande fête annuelle de littérature contemporaine, le festival Vive Haïti Livres est un espace rassembleur qui fait la promotion du livre, de la lecture et des acteurs de la chaine du livre haïtien.
An nou rete ansanm..An nou simen lespwa